Accessibility links

Breaking News

Konsèy Sekirite Nasyonzini an Apwouve Nouvo Sanksyon Kont Iran


Konsèy Sekirite Nasyonzini an apwouve yon katriyèm vag sanksyon kont Iran poutèt pwogram nikleyè “sispèk” Repiblik Islamik la. Douz manm Konsèy la vote rezolisyon sanksyon yo mèkredi 9 jen an. Yo genyen entèdiksyon vwayaj ak restriksyon finansye pou moun ak gwoup ki makònnen ak aktivite nikleyè e ak pwogram misil balistik Iran an, tankou Gad Revolisyonè iranyen an ak konpayi maritim enpò-ekspò Iran yo. Sanksyon yo kore anbago zam l’Onu dekrete kont Téhéran an e yo vize sektè bankè iranyen an tou.

Anbasadè Brezil nan Nasyonzini an deklare sanksyon pa yon zouti efikas e yo kapab pote soufrans pou pèp iranyen an. Li ajoute “sanksyon yo kapab mete andanje yon akò Brezil te ede jwenn kote Téhéran aksepte voye yon pati nan iranyòm li nan Turki ki va livre li “an retou” konbistib nikleyè.

Diplomat 2 peyi yo eksprime kè sote yo daprèzavwa Etazini, Larissi ak Lafrans pa di krik sou plan an menm anvan vòt mèkredi a. Prezidan iranyen an, Mahmoud Ahmadinejad, te avèti nouvo sanksyon yo ka mete fen nan volonte Iran pou l’ negosye ak pisans mondyal yo sou pwogram nikleyè li.

XS
SM
MD
LG