Accessibility links

Breaking News

Deklarasyon Konsèy Sekirite l’ONU an sou Kriz Politik la Ann Ayiti


Deklarasyon Konsèy Sekirite L'ONU Sou Ayiti
Deklarasyon Konsèy Sekirite L'ONU Sou Ayiti

Nan yon deklarasyon pou laprès Konsèy Sekirite l'ONU an fè parèt nan jounen vandredi 13 me 2016 la, li prezante pozisyon konsèy la sou sitiyasyon politik la nan peyi d Ayiti. Men deklarasyon an nan totalite li:

"Manm Konsèy Sekirite a eksprime gwo desepsyon yo difèt ke aktè ayisyen yo pa rive respekte delè ki te fiske pou eleksyon dewoule e pou yon prezidan prete sèman, jan yo te dakò pou yo fè sa nan akò politik 5 fevriye a, ki se yon mach-a-swiv ayisyen yo, yo-menm, te tabli pou yo boukle sikl elektoral aktyèl la; epi konsèy la lanse apèl bay aktè ayisyen yo pou l mande yo garanti yon retou rapid nan lòd konstitisyonèl la.

"Sepandan, manm Konsèy Sekirite a byen akeyi le fèt ke yo remete Konsèy Elektoral Pwovizwa a (KEP a) sou pye e li pran nòt etablisman yon komisyon pou evalye e verifye rezilta eleksyon ki te dewoule nan ane 2015 la, pandan li ensiste sou nesesite pou komisyon sa a fè yon travay teknik, apolitik, transparan, epi pou l fin fè travay li a nan delè 30 jou li genyen an.

“Se konsa tou, manm Konsèy Sekirite a note valè defi ki an fas peyi d Ayiti yo e ki pa sispann ogmante; pi bon mwayen pou yo jwenn solisyon, se gras ak yon kowòdinasyon sere-sere ant yon gouvènman ki eli demokratikman, sosyete sivil la ann Ayiti ak patnè entènasyonal Ayiti yo.

“Manm Konsèy Sekirite yo repete ak tout fòs gwo kondanasyon yo kont tout efò ki ta fèt pou destabilize oubyen manipile pwosesis elektoral la, sitou si moun ta itilize vyolans pou sa; yo mande tout kandida, patizan yo, pati politik yo ak lòt aktè yo, pou yo pa tonbe nan vyolans oubyen tout lòt aksyon ki ta vin deranje pwosesis elektoral la ak stabilite politik la plis toujou, epi pou yo chache rezoud nenpòt ki mezantant elektoral gras ak yon angajman konstriktif ak mekanism legal apwopriye a, epi pou gouvènman ayisyen an fè tout moun ki ta komèt zak vyolans reponn pou zak yo kòmsadwa.

"Manm Konsèy Sekirite a prezante felisitasyon yo bay Polis Nasyonal d Ayiti pou efò li deplwaye, avèk apui Misyon Nasyon Zini pou Stabilizasyon Ayiti a (MINUSTAH) pou l mentni lapè epi pwoteje popilasyon sivil la.

“Se konsa tou, manm Konsèy la byen akeyi efò Nasyon Zini, ajans miltilateral yo, òganizasyon rejyonal yo ak eta-manm l'ONU yo, pou apui yo pote bay Ayiti pou l satisfè bezwen enpòtan li yo.

“Manm Konsèy Sekirite a ap tann ak enpasyans dewoulman vizit teren USG Lasous pral fè ann Ayiti. Objektif vizit sa a se fè aktè ayisyen yo konprann avèk ki ijans Konsèy la wè nesesite pou yo fin konplete pwosesis elektoral la; yon lòt bi vizit USG Lasous a, se evalye kontribisyon MINUSTAH nan sitiyasyon jeneral la sou teren an, an menm tan ke li va ofri kèk opsyon ki ta kapab revele dispozisyon ki dwe pran nan lavni konsènan fòmasyon apwopriye misyon an.

“Manm Konsèy Sekirite a fè konnen entansyon yo pou yo kontinye swiv de prè evolisyon sitiyasyon an nan peyi d'Ayiti.”

XS
SM
MD
LG