Accessibility links

Breaking News

Yo Jwenn Kadav 2 Ekspè Nasyon Zini Ki Tap Mennen Ankèt sou Vyolasyon Dwa Moun nan Peyi Kongo


Cha blende Nasyon Zini nan Goma, lès peyi Repiblik Demokratik Kongo, 30 out 2013. 2 envestigatè Nasyon Zini te disparèt nan peyi Kongo nan dat 12 mas 2017.
Cha blende Nasyon Zini nan Goma, lès peyi Repiblik Demokratik Kongo, 30 out 2013. 2 envestigatè Nasyon Zini te disparèt nan peyi Kongo nan dat 12 mas 2017.

2 kadav ke moun jwenn nan sant Repiblik Demokratik Kongo sanble se 2 envestigatè l ONU ki te disparèt, dapre yon pòtpawòl gouvènman an.

Pòtpawòl Lambert Mende di Sèvis Franse pou Afrik Lavwadlamerik madi 28 mas 2017 la yo jwenn kadav 2 blan yo, yon gason ak yon fanm, nan pwovens Kasai Santral.

Dapre Mesye Mende, se kapab kadav ekspè l ONU Michael Sharp ak Zaida Catalan, ki te disparèt nan dat 12 mas pase a, pandan yo t ap mennen ankèt sou sa ki ta vyolasyon kont dwa moun.

Li fè konnen yo jwenn yon 3èm kadav ki kapab se te chofè anketè yo. Li ajoute ke gen tès kap fèt pou verifye idantite yo vitim yo.

XS
SM
MD
LG