Accessibility links

Breaking News

Kondanasyon Plizyè Manifestan nan Bahrain


Kondanasyon Plizyè Manifestan nan Bahrain
Kondanasyon Plizyè Manifestan nan Bahrain

Yon tribinal espesyal nan Bahrain kondane a mò yon manifestan e li bay yon lòt yon santans prizon avi poutèt yo te touye yon polisye.

Tribinal la kondane tout 20 travayè medikal ki te trete kèk manifestan pandan leve-kanpe anti-gouvenmantal ki te kòmanse nan mwa fevriye ane sa a.

Santans sa yo varye ant 5 ak 15 zan prizon. Ajans Nouvèl leta Bahrain nan rapòte travayè medikal yo te nan prizon paske yo te okipe yon lopital pa lafòs, yo te gaye move nouvèl, yo te ankouraje moun rayi lidè Bahrain yo e yo te lanse apèl pou dechouke rejim nan.

XS
SM
MD
LG