Accessibility links

Breaking News

Etazini ak Kiba Vle Ranfòse Rapò yo o Maksimòn anvan Fen Manda Prezidan Obama a


Moun kap patisipe nan yon kwazyè ki kite Lèzetazini pou l ale Kiba. Yo mete drapo 2 peyi yo sou do yo.
Moun kap patisipe nan yon kwazyè ki kite Lèzetazini pou l ale Kiba. Yo mete drapo 2 peyi yo sou do yo.

Nan La Avàn, Kiba, responsab an chèf dosye ameriken nan ministè afè etranjè a, Josefiia Vidal, deklare otorite yo nan Kiba ak Lèzetazini gen yon plan chaje anbisyon pou yo aktive efò yap fè pou ranfòse relasyon yo pandan mwa ki rete nan manda Prezidan Barack Obama a. Aprè Madam Vidal te fin rankontre ak kèk ofisyèl ameriken nan La Avàn lendi 16 me 2016 la, li fè konnen pou le moman 2 pati yo ap travay sou mwayen pou yo kowopere nan domèn lajistis, lamedsin ak agrikilti.

Rankont yo pral kontinye nan jounen madi 17 me a kote asistan sekretè deta sekirite teritoryal Lèzetazini an, Alejandro Mayorkas --ki te pran nesans nan Kiba-- ak kèk otorite Ministè Enteryè kiben an pral abòde kesyon pou konnen kijan 2 peyi yo kapab konbat trafik dwòg, krim sou entènèt la, aktivite teworis ak imigrasyon ilegal.

Depatman Deta a anonse pwochen rankont yo pral santre, antwòt, sou kesyon dwamoun ak solisyon pou pwoblèm kote chak nan 2 peyi yo oubyen sitwayen yo ap fè reklamasyon pou lajan yo ki bloke nan lòt peyi a.

Lèzetazini ak Kiba te retabli relasyon diplomatik yo nan mwa jiyè 2015 la aprè yo te koupe pandan 54 lane. Rapò yo te fè yon gwo pa an avan avèk yon vizit Prezidan Obama te fè nan La Avàn nan mwa mas pase a.

Josefina Vidal (premye plan) se direktris jeneral divizyon ki okipe zafè Lèzetazini nan Ministè Afè Etranjè Kiba a nan La Avàn.
Josefina Vidal (premye plan) se direktris jeneral divizyon ki okipe zafè Lèzetazini nan Ministè Afè Etranjè Kiba a nan La Avàn.

Daprè Josefina Vidal, se pezape pwogrè pral fèt; men, sa ki enpòtan, sè ke pwosesis nòmalizasyon relasyon 2 peyi yo deja kòmanse. Li gen espwa Lèzetazini pral kontinye ranfòse lyen li avèk Kiba kèlkeswa moun ki ranpòte eleksyon prezidansyèl ameriken yo nan mwa novanm 2016 la.

XS
SM
MD
LG