Accessibility links

Breaking News

Repriz Relasyon Diplomatik ant Kiba ak Inyon Ewòp la

Chèf diplomasi Inyon Ewòp la ak Kiba: Federica Mogherin (adwat) ak Bruno Rodriguez Parrilla (agoch). Foto: Francois Lenoir (REUTERS) Brisèl, Bèljik, 12 desanm 2016.
Chèf diplomasi Inyon Ewòp la ak Kiba: Federica Mogherin (adwat) ak Bruno Rodriguez Parrilla (agoch). Foto: Francois Lenoir (REUTERS) Brisèl, Bèljik, 12 desanm 2016.

Inyon Ewòp la ak Kiba siyen, nan dat lendi 12 desanm 2016 la, yon akò pou yo nòmalize relasyon yo ki te koupe pandan plizyè dizèn dane akoz dosye dwamoun gouvènman kiben an sou rejim lidè kominis Fidel Castro.

Chèf diplomasi Inyon Ewòp la, Federica Mogherini, ki tap bay yon konferans pou laprès apre li te fin rankontre ak tokay kiben li a, Bruno Rodriguez, nan katye jeneral Inyon an nan Brisèl, Bèljik, lendi 12 desanm 2016 la.

Minis afè etranjè kiben an, Bruno Rodriguez Parrilla, ak chèf kesyon Zafè Etranjè Inyon Ewòp la, Federica Mogherini, mete ak reprezantan 28 peyi-manm Inyon an, siyen akò a nan vil Brisèl, nan peyi Bèljik. Semèn pase a, minis ewopeyen yo te mete yo dakò pou yo anile yon politik yo te adopte nan lane 1996 e ki te fè Kiba egzijans pou li amelyore dosye dwamoun li avan pou Inyon an siyen okenn akò nòmalizasyon ak La Avàn. Chaselye Rodriguez Parrilla deklare:

<< Akò sa a demontre avek bòn volonte epi respè youn pou lòt, li posib pou peyi yo rezoud pwoblèm yo epi fè pwogrè. Relasyon ekonomik nou avèk Inyon Ewòp la pral kontinye reprezante yon priyorite pou Kiba nan moman nap travay pou nou bati yon ekonomik sosyalis...>>

Jiskela Kiba sete sèl peyi nan Amerik Latin nan ki pat genyen ak Inyon Ewòp la sa ki rele “yon akò dyalòg ak kowoperasyon” nan domèn echanj komèsyal, dwamoun ak migrason.

XS
SM
MD
LG