Accessibility links

Breaking News

Kalifòni: Fiziyad Andedan yon Synagog Lage Gwo Lapen ak Tristès nan Kè Kominote Jwif yo


Lidè relijye Jwif ( Raben) Yisroel Goldstein, kap konsole fidèl Sinagòg yo tou pre San Diego a. (Foto: AP /Denis Poroy
Lidè relijye Jwif ( Raben) Yisroel Goldstein, kap konsole fidèl Sinagòg yo tou pre San Diego a. (Foto: AP /Denis Poroy

Nan Eta Kalifòni, se lapenn, tristès a kè-kase kap ravaje fidèl yon sinagòg (kidonk, yon lye dadorasyon jwif) kote yon nèg ame ouvè kout-zam samdi 27 avril 2019 la, li touye yon dam, epi li blese lidè sinagog la, Rabben Yis-roel Goldstein, ak 2 lot moun.

Nan yon konferans pou laprès, sheriff vil San Diego a, Bill Gore, fè konnen yon gason ki se yon blan te antre nan synagog la yon titan anvan 11:30 nan maten epi ouve kout zam ak “yon zam otomatik.” Sheriff la fè konnen gen 4 moun ki pran bal nan atak ame sa a.

Sheriff la di li deplore ensidan an kote, "malerezman, youn nan moun ki te pran bal yo pedi lavi l;” li ajoute pou l di, twa lòt viktim yo nan yon kondisyon ki estab, kidonk yo pa pi mal.

Toujou dapre Sheriff Gore, yon ajen sekirite fwontyè a ki pat de sevis te tire deyè sispèk la le li te wè misye tap kouri kite sèn nan, men sispèk la pat pran bal.

Chèf polis vil San Diego a, David Nisleit, bò kote pa l fè konnen sispèk la ta samble te kontakte lapolis epi te ale ran tèt li apre bay yon ofisye polis san Diego ki te nan wout pou al sou sèn kote tire a te fèt la. Chèf polis la fè konnen tou ke sispèk la gen 19 an e li abite nan vil San Diego.

Nieslet ki se chèf polis la te ekri sou Twitter ke depatman li a ap bay asistans li nan envestigasyon an, e ke menm le yo pa okouran de ankenn lòt menas, “pa mezi de prekosyon, nou ap mete plis patwouy kote ki gen sèvis adorasyon yo.” Jodi samdi a te denyè jou fèt pak jwif yo. Zòn Powey kote atak la pase a twouve l a 25 kilomèt o nò vil San diego.

Prezidan Donald Trump ki tap pale ak repòtè nan lèl sid Lamezon Blanch lan deklare, “mwen voye sensè kondoleyans mwen bay tout fanmi ki afekte pa atak sa a.” Prezidan Trump ajoute pou l di ke atak la “sanble ak yon krim rayisman.”

XS
SM
MD
LG