Accessibility links

Breaking News

Etazini : 12 moun mouri e Plizyè Lòt Blese nan yon restoran Eta Kalifòni anba kout zam yon bandi


Yon videyo Ayeryen ki montre machin Pil sou Pil Tou Restoran Kote yon Bandi arme Touye 12 Moun nan yon Restoran an Kalifòni.
Yon videyo Ayeryen ki montre machin Pil sou Pil Tou Restoran Kote yon Bandi arme Touye 12 Moun nan yon Restoran an Kalifòni.

Otorite nan pati sud eta Kaliforni fè konnen yon nèg ame ouvè kout zam e touye 12 moun byenta mèkredi 7 novanm pase a pandan yon atak li lanse sou yon restoran dansan. Sherif awondisman Ventura a, Geoff Dean, di laprès polisye ki te premye rive nan restoran Borderline Bar & Grill vil Thousand Oaks la te pran bal yon titan apre yo te finn antre andedan an pou fè fass kare ak bandi ame a.

Li kontinye pou'l di Sheriff Ron Helus , yon veteran ki nan pòs li depi 29 van pèdi lavi'l apre yo te finn kouri lopital avek li. Sherif Dean presize : mwen fè madanm li konnen li mouri kòm yon ewo. Gen anpil lot moun ki blese nan atanta-a tou, dapre sherif-la, men yo poko gen yon chif egzak sou kantite-a.

XS
SM
MD
LG