Accessibility links

Breaking News

Etazini-Vyolans. Fiziyad nan Eta Maryland: 3 Moun Mouri e Plizyè Lòt Blese

Ajan FBI ki te prezante sou plas, nan vil Aberdeen, Eta Maryland, kote 3 moun mouri e anpil lòt blese anba bal, daprè sa lapopis rapòte nan Awondisman Hardford, jedi 20 septanm 2018. (Foto: AP/Jose Luis Magana).

Nan Eta Maryland, Ozetazini, lapolis fè konnen 3 moun pou pi piti pèdi lavi yo e divès lòt blese aprè yon nèg ame te antre nan yon famasi (Rite Aid) epi li ouvè kout zam sou moun ki te anndan yo. Sa rive byen bonè nan jounen jedi 20 septanm 2018 la nan vil Aberdeen, sou yon distans 51 kilomèt konsa ak Baltimore, pi gwo vil Eta a, avèk 112 kilomèt o nò-dès Washington D.C.

Otorite yo di yo te resevwa premye apèl ki te anonse tire a vè 9 vè di maten, lè lokal. Daprè menm sous la, reprezantan lapolis Eta Maryland, lapolis lokal ak federal te prese prezante sou plas an menm tan ke premye sekouris medikal yo.

Lapolis Eta Maryland te bloke lari yo nan Awondisman Hardford, jedi 20 septanm 2018 la, aprè yon nèg ame te tire sou plizyè moun nan yon famasi (Famasi Rite Aid)..
Lapolis Eta Maryland te bloke lari yo nan Awondisman Hardford, jedi 20 septanm 2018 la, aprè yon nèg ame te tire sou plizyè moun nan yon famasi (Famasi Rite Aid)..

Responsab yo ensiste pou yo di yo kontinye mennen ankèt sou afè a e li te preske 3 zè nan apre midi, yo potko ka bay twòp detay sou sa ki rive a. Kèmandan Jeff Gahier, chèf polis Awondisman Harford kote ensidan an dewoule a, bay yon konferans pou laprès kote li fè deklarasyon sa a:

“Si nou baze nou sou sa nou konnen jiskaprezan (e kite m ensiste pou m di detay yo preliminè toujou), sispèk la te aji pou kont li. Li anba men lapolis nan yon lopital lokal kote sitiyasyon li trè grav. Sanble li te itilize yon sèl zam nan ensidan sa a: se yon revolvè. Okenn manm lapolis pat tire menm yon kout-zam lè yo te rive sou plas.”

Atak sa a fèt preske 3 mwa aprè yon nèg ame ak yon revolvè te ouvè kout-zam nan lokal jounal The Capital Gazette nan vil Annapolis, kapital Eta Maryland, kote li te touye 5 manm pèsonèl la. Non atakan an se Jarrod W. Ramos ki te gen yon chirepit pandan lontan avèk responsab jounal la.

XS
SM
MD
LG