Accessibility links

Breaking News

Josephine Baker Ap Fè Listwa Ankò Nan La Frans


Foto Achiv: Josephine Baker pandan yon pefomans Ziegfield Follies nan Nouyok, 11 Fev. 1936.
Foto Achiv: Josephine Baker pandan yon pefomans Ziegfield Follies nan Nouyok, 11 Fev. 1936.

La Frans pral mete dansez kabarè Amerikèn Josephine Baker nan Pantheon an.

Baker, yon fanm nwa ki pran nesans nan eta Missouri nan sant-wès Etazini, te yon espyon pou la Frans pandan Dezyèm Gè Mondyal la epitou yon militan dwa sivik.

Li se premye fanm nwa ki jan resevwa gwo lonè sa a, kivledi tonbo li ap pami pèsonaj Fransè yo pi adore yo.

Yo pral depoze yon sèkèy ki gen ladann echantiyon tè yo pran kote Baker te fè bèl mèvèy pandan lavi li nan moniman Pantheon an, ki bay sou Riv Goch renome vil Paris a.

Se Prezidan Fransè Emmanuel Macron ki te pran desizyon pou onore Baker nan Pantheon an.

Mezi sa a gen kòm bi pou voye yon mesaj anti-rasis bay sitwayen Fransè yo epi selebre relasyon ant Etazini ak La Frans, epitou rann omaj a yon pèsonèj eksepsyonèl nan listwa La Frans.

XS
SM
MD
LG