Accessibility links

Breaking News

Biden Vizite Depatman Polis New York la


Biden
Biden

Nan jounen jedi 3 fevriye a, Prezidan Joe Biden te ale New York, kote l te vizite Depatman Polis la epi li te fe yon diskou sou dosye krim nan ak vyolans ki gen rapo ak zam.

Prezidan Joe Biden vizite pi gwo Depatman polis peyi a, nan moman itilizasyon zam afe pou fe vyolans ap ranfose -nan gwo vil yo, tandiske otorite yo anrejistre yon gwo ogmantasyon -nan kantite zam-a-fe ilegal-k ap sikile nan lari yo.

Vizit la dewoule tou mwens ke 2 semèn apre vwayou kriminel te ouvè koutzam sou 2 ajan-polis New York epi yo te toute yo pandan yo t ap fè travay yo.

Dapre sondaj dopinyon ki fèt sa pa gen lontan, sitwayen ameriken yo gen plis kè -sote chak jou-- konsènan krim -k ap fet nan peyi. Repibliken yo gen yon avantaj sou demokrat yo; kòmkwa, majorite sitwayen yo panse Pati Repibliken an ka fè yon pi bon travay pase Pati Demokrat la pou konbat kriminalite.

Strateji Administrasyon Biden nan pou l lite kont zak-kriminel yorepoze sitou sou yon plan pou pataje responsalite a aktivman avek otorite nan Eta yo, ansanm ak otorite lokal yo, pandan ke gouvènman federal la ap bay kek lide- sou fason pou lajan an depanse pou atenn objektif la, epi l ap ranfòse inisyativ ki déjà an plas yo.

Avek vizit la, Prezidan Biden te gen yon chans- pou l defann tèt li kont kritik k ap ogmante- bò kote repibliken yo, ki pa sispann repwoche l deske li twò mòlòlò nan batay kont krim, epitou, l ap chache pran distans li- ak eleman ki sou zel dwat.

Pati Demokrat la, k ap ensiste pou gouvènman an- wete lajan k ap finanse- travay lapolis pou sèvi ave l pito pou ranfòse depans pou pwogram sosyal.

Dosye zam a fe a twouve l nan mitan deba politik yo Ozetazini, nan moman peyi a ap redi pou l mete kontwòl sou yon gwo kantite asasina- ki te rive nan wo nivo nan ane 2020, sou dènye ane administrasyon Trump la e asasina sa yo ap kontinye pa bann e pa pakèt jis jous jounen jodiya.

XS
SM
MD
LG