Accessibility links

Breaking News

Vladimir Putin Rankontre ak Lidè Chinwa a Xi Jin Ping


Russian President Vladimir Putin attends a meeting with Chinese President Xi Jinping in Beijing, China, Feb. 4, 2022. (Sputnik/Aleksey Druzhinin/Kremlin via Reuters)
Russian President Vladimir Putin attends a meeting with Chinese President Xi Jinping in Beijing, China, Feb. 4, 2022. (Sputnik/Aleksey Druzhinin/Kremlin via Reuters)

Prezidan Ris la Vladimir Putin rankontre ak lidè chinwa a Xi Jin Ping kèk èd tan avan seremoni ouvèti Je Olenpik Peken 2022 a. Rankont sa a montre yon inite ki egziste ant 2 peyi yo nan moman Larisi nan yon bouch louvri ak Etazini sou dosye Ikrèn nan.

Kongrè Ameriken an fè konnen li prèske jwenn yon antant ki vize anpeche prezidan Vladimir Putin anvayi Ikrèn. Senatè Demokrat Kirsten Gillibrand, ki te pami yon gwoup palmantè ki te vizite kapital Ikrèn nan Kyèv sa pa gen lontan, deklare nou pa gen oken enterè pou sitityasyon ta tounen yon konfli militè. Nou souwete l ta rezoud sou baz yon antant miltilateral diplomatik. mwen espere prezidan Biden ap kapab reyisi fè l san pwoblèm.

Repibliken yo nan kongrè a tankou lidè minorite a Mitch Mcconnell kritike administrasyon Biden nan ki pat aji pivit pou detounen prezidan Putin.

Sanksyon apre yon peyi anvayi yon lòt mwen efektif ke si w te adopte l anvan. Mwen espere administrasyon an ap pran sa an konsiderasyon l lè l ap diskite kesyon Ikrèn nan, Li gen anpil maj de manèv devann.

Konfli ikrèn nan pa t anpeche prezidan Putin patisipe nan seremoni ouvèti Je Olenpik Peken yo akote prezidan Xi Jin Ping. Lidè ris la pale pou di relasyon bilateral ant 2 peyi yo ap devlope de fason pwogresiv ak yon espri amikal e yon patenarya estratejik.

Lachin pa janm kache sipò l pou larisi malgre li mase plis pase 100,000 solda sou fwontyè Ikrèn nan. Larisi kontinye mande l’OTAN pou l pa aksepte Ikrèn kòm manm alyans defans militè a epi retire sòlda li genyen nan peyi Ewòp de lès yo.

Analis yo fè konnen kowoperasyon ant Lachin ak Larisi kapab rann li difisil pou Etazini enpoze sanksyon ou adopte lòt mezi si Larisi ta anvayi Ikrèn. Yon ogmantasyon ostilite ant Larisi ak Etazini kapab detounen atansyon prezidan Joe Biden ki idantifye Lachin kòm pigwo priyorite politik afè etranjè administrasyon ameriken an.

Dapre ofisyèl ameriken Larisi ap pare pou l fabrike yon fo atak militè Ikrenyen ou byen pèsonèl entelijans ki kapab jistifye rezon pou l travèse fwontyè a.

Sekretè jeneral l'otan an Jens Stoltenberg eksprime enkyetid li poutèt Larisi kontinye ap deplwaye militè sou fwontyè Ikrèn nan plis sòlda ak ekipman militè nan Belaris tankou sipò inite espesyal, avyon de gè lansman misil balistik kout pòte ak yon sistèm defans misil sòl --èr.

Prezidan franse a Emmanuel Macron anonse l ap vizite Larisi lendi pou l rankontre Prezidan Vladimir Putin avan li rankontre prezidan Ikrènyen an Volodimyr Zeleskyi ak objektif pou l dezamòse kriz sou fwontyè Ikrèn nan ant etazini ak Larisi.

XS
SM
MD
LG