Accessibility links

Breaking News

Palman Japonè a Vote Anfavè yon Lwa pou Pèmèt Wa Peyi a Demisyone


Anperè Japon an Akihito, agoch, ak Anperèz Michiko Vyetnam. 4 mas 2017.
Anperè Japon an Akihito, agoch, ak Anperèz Michiko Vyetnam. 4 mas 2017.

Palman japonè a pase yon lwa vandredi 9 jen 2017 la ki pèmèt Anperè Akihito demisyone epi kite plas la pou premye pitit gason li, Prens Naruhito ki gen 57 lane.

Wa Akihito ki gen 83 lane, ki te fè yon operasyon nan kè e te swiv tretman pou kansè pwostat nan sezon ete pase a, te fè santi li anvi demisyone apre prèske 3 dizèn lane nan yon pòs kote li sèlman prezide bèl seremoni, nan yon monachi ki la depi 2 mil ane. E sijè sa a relanse deba ki la depi lontan pou konnen si peyi a dwe kontinye gen yon anperè.

Anperè Akihito te gen 56 lane lè l te monte sou twòn nan an janvye 1989 apre lanmò papa l, Anperè Hirohito.

XS
SM
MD
LG