Accessibility links

Breaking News

Prezidan Trump Bay Iran Avètisman pou l Pa Devlope Iranyòm Anrichi


Prezidan Trump nan Salon Oval la kote li t ap siyen yon dekrè ki ogmante sanksyon yo sou Iran (AP Photo/Alex Brandon - 24 jen 2019).
Prezidan Trump nan Salon Oval la kote li t ap siyen yon dekrè ki ogmante sanksyon yo sou Iran (AP Photo/Alex Brandon - 24 jen 2019).

Prezidan ameriken an, Donald Trump, ki tap pale lendi premye jiyè a, deklare li panse Iran "ap jwe ak dife" aprè Teyeran fin anonse li rive depase limit ki fikse pou l estoke iranyòm anrichi -limit ki nan akò entenasyonal li te siyen an 2015 la e ki mande pou l sispann devlope pwogram nikleyè l la.

Misye Trump ki ta p rankontre ak laprès nan La Mezon Blanch, ajoute "Iranyen yo byen konnen ak kisa y ap jwe la a." Yon deklarasyon La Mezon Banch te fè paret anvan sa te repete pozisyon Lèzetazini sou kesyon an, pozisyon kote Washington di li pa p janm pèmèt Iran devlope zam nikleyè.

Yon santral kote Iran ap anrichi iranyòm.
Yon santral kote Iran ap anrichi iranyòm.

Pandansetan, dapre sa Javad Zarif, minis afè etranjè iranyen an, di ajans nouvèl ISNA -yon ajans semi-ofisyel iranyen- Iran deja depase limit 300 kilogram nan kalite iranyòm anrichi li genyen nan depo lakay li, pi presizeman diplis la se 3,6%. Vrèmanvre Ajans Nasyon Zini pou Enèji Atomik la, ki la pou l siveye aktivite peyi ki te siyen akò entènasyonal sou zam nikleyè a, konfime lendi Iran depase limit la. Men minis Zarif di sa pa reprezante yon vyolasyon akò a, paske antant la bay yon pati dwa pou l reponn kòmsadwa si lòt pati a pa respekte akò a.

XS
SM
MD
LG