Accessibility links

Breaking News

Etazini Di Gen Plis Prèv Ki Montre Iran Reponsab Atak sou Bato Petwòl nan Gòlf Oman an


Imaj ki soti nan yon baz militè ameriken montre bato naval iranyen kap apwoche bato gaz ki te sibi atak nan Gòlf Oman an.
Imaj ki soti nan yon baz militè ameriken montre bato naval iranyen kap apwoche bato gaz ki te sibi atak nan Gòlf Oman an.

Depatman Defans Ameriken pibliye nouvo foto ki montre plis prèv gouvènman Iranyen an te atake 2 bato petwolye nan Gòlf Oman an nan semen pase a.

Minis defans pwovizwa a, Patrick Shanahan, anonse lendi 17 jen 2019 la ke Etazini ap deplwaye anviwon mil sòlda siplemantè nan Mwayen Oryan an nan sa li konsidere kòm objektif defans.

Minis Afè etranjè Iranyen an Mohammad Javad Zarif kalifye kòm sispèk moman ak lè atak la te fèt la sou bato petwolye yo.

XS
SM
MD
LG