Accessibility links

Breaking News

Lidè Inyon Ewopeyen yo Ap Rankontre nan Brussels an Bèljik Jedi 15 Desanm sou Avni Òganizasyon an


Drapo peyi manm yo devan katye jeneral Konsèy Ewopeyen an nan Brussels, Bèljik, 14 desanm, 2016. Reuters / foto: Yves Herman.
Drapo peyi manm yo devan katye jeneral Konsèy Ewopeyen an nan Brussels, Bèljik, 14 desanm, 2016. Reuters / foto: Yves Herman.

Lidè yo nan Inyon Ewòp la reyini nan vil Brussels an Bèljik jedi 15 desanm nan pou yon somè ki dewoule apre yon ane latwoublay pou gwoup la ki gen 28 peyi manm pandan y ap poze kesyon pou konnen ki avni òganizasyon an e si kantite manm li yo pwal redui.

Pami prensipal defi ki nan pwogram somè a kap dire yon jou nan Brussels jodi a se pwal kesyon pou konnen si yo pwal kontinye sanksyon kont Larisi sou kesyon Ikrèn nan, kriz migran ann Ewòp, ak desizyon ke Grand Bretay te pran nan mwa jen pase a pou l kite Inyon Ewòp la.

Premye minis Grand Bretay la, Theresa May, gen pou l kite reyinyon an anvan 27 lòt eta manm yo.

XS
SM
MD
LG