Accessibility links

Breaking News

Gwo Akwochay Nan Pwovens Baghran Ant Twoup L'Otan Ak Militan Taliban Yo


L’Otan anonse sòlda li mete anba kòd yon lidè distri Taliban apré yo fin pase 4 trè’d tan afwontman nan sid Afghanistan. Nan yon deklarasyon l’Otan pibliye jedi 1er jiyè a, li fè konnen yon bann rebèl mouri nan batay la ki te dewoule nan yon zòn andeyò, nan kanton Baghran (pwovens Helmand). L’Otan fè konnen solda’l yo arete plizyè rebèl aprè batay la, pami yo chèf Taliban rejyon “Now Zad la”, yon distri ki nan sidwès Baghran. Pandansetan, otorite sid koreyen yo fè konnen 2 wokèt frape baz peyi a nan nò Afghanistan. Ensidan sa a rive nan moman yon ekip rekonstriksyon sivil sid koreyen t ap prepare pou l lanse ofisyèlman misyon ni nan Afghnistan jedi 1er jiyè a.

XS
SM
MD
LG