Accessibility links

Breaking News

Gouvènman Tirki a Di Vyolasyon Sese-l-fe a nan Siri Kabab Afekte Chita Pale sou Lapè a


Lès vil Dael, nan Deraa, Siri ki toujou anba kontwòl gwoup rebèl yo. (Foto: REUTERS/Alaa Al-Faqir, 3 janvye 2017).
Lès vil Dael, nan Deraa, Siri ki toujou anba kontwòl gwoup rebèl yo. (Foto: REUTERS/Alaa Al-Faqir, 3 janvye 2017).

Tirki avèti vyolasyon kont sese-l-fe-a nan Siri ka bay pwoblèm pou chita-koze lapè ki gen pou dewoule nan mwa sa a, janvye 2017.

Larisi ak Tirki, ki sipòte 2 kan opoze nan konfli a, te antann yo pou gen kanpo sou batay yo nan tout peyi a, semèn pase a, pandan yap bati efò pou ranje negosyasyon lapè ki gen pou dewoule nan Astana, nan peyi Kazakhstan.

Minis Afè Etranjè Tirki a, Mevlut Cavusoglu, fè deklarasyon bay ajans nouvèl leta a kote li akize konbatan anfavè gouvènman yo, pami yo gwoup militan Hezbollah ki baze nan peyi Liban, pou vyolasyon sese-l-fe-a.

XS
SM
MD
LG