Accessibility links

Breaking News

Gang Ayisyen yo Mande pou Ranvèse PM Ariel Henry sou Pouvwa a


Ansyen polisye Ayisyen Jimmy "Barbecue" Cherizier, lide kowalisyon gang G9 la, dirije yon mach kont Premye Minis Ariel Henry nan Potoprens, 19 Sept. 2023.
Ansyen polisye Ayisyen Jimmy "Barbecue" Cherizier, lide kowalisyon gang G9 la, dirije yon mach kont Premye Minis Ariel Henry nan Potoprens, 19 Sept. 2023.

Lidè gang pi puisan Ayiti a lanse apèl pou ranvèse ak zam, Premye Minis Ariel Henry. Jimmy Cherizier, alyas Barbecue mande pèp Ayisyen an pou l pran lari pou pwoteste kont gouvènman an ki pa eli, nan sak reprezante yon ogmantasyon nan tansyon andedan peyi a, kote kriz imanitè a vinn pi grav chak jou.

Cherizier, yon ansyen polisye ki se dirijan yon kowalisyon gang puisan ki kontwole yon gwo pati kapital Ayisyèn nan te pran lari ansanm ak yon gwoup nèg ak zam kote yo te defile nan Pòtoprens Madi, epi bloke wout ak bat tanbou.

Gang Ayisyen yo, ki souvan antre nan lese frape ak lapolis epi antre lajan gras ak aktivite ilegal tankou ekstòsyon ak trafik dwòg, pran fòs depi asasina Prezidan Jovenel Moise an 2021.

Asasina a kreye yon vid pouvwa, kote Premye Minis Ariel Henry ap dirije antanke lidè pwovizwa. Henry pwomèt pou l òganize eleksyon yon fwa ke yo retabli sekirite an ayiti, e li lanse apèl bay kominote entènal la pou ede l konbat gang yo.

Plis pase 19,000 Ayisyen kouri kite kapital la pandan semèn ki pase yo akoz pakèt zak vyolans kap dewoule yo, dapre yon rapò Nasyonzuni pibliye.

XS
SM
MD
LG