Accessibility links

Breaking News

Gang Ame Kontinye Okipe Palè Jistis la ann Ayiti


Foto Achiv: Yon gwoup moun manifeste devan Ministè Jistis Ayisyen an, 10 Out 2021.
Foto Achiv: Yon gwoup moun manifeste devan Ministè Jistis Ayisyen an, 10 Out 2021.

Gwoup sivil ak zam kontinye okipe lokal palè jistis la nan Potoprens, dapre konsta korespondan VOA Kreyol nan Potoprens, Matiado Vilme fè jodi Jedi, 16 Jyen an.

Pat gen okenn machin blende PNH devan palè a e baryè a te fèmen. VOA Kreyol pran kontak ak Minis Jistis la, Berto Dorce pou mande'l kisa gouvènman an ap fè pou jere sityasyon an men li pat reponn demann nou.

Gang Kontinye Okipe Palè Jistis la nan Potoprens
please wait

No media source currently available

0:00 0:01:44 0:00

Nan yon entèvyou prezidan Asosyasyon Nasyonal Grefye yo bay nan radyo Magik 9 maten an, li fè konnen bandi yo antre nan espas pakè a, yo mete dife nan dosye yo epi yo ale ak kof fo ak machin ki te nan lakou a. Responsab la ajoute depi kèk tan palè jistis la anba kontwol gang ame kap evolye nan Vilaj de Dye, kote yo enstale yon kamera siveyans pou kontwole perimèt la.

Komisè gouvènman an, Jacques Lafontant solisite otorite lokal yo pou y'al fè konsta.

Nan yon entèvyou ak VOA nan Los Angeles, Juan Gonzalez ki se konseye wo plase Prezidan Joe Biden sou kestyon sekirite nan emisfè Oksidantal la deklare Lamezonblanch ap swiv sityasyon an ann Ayiti de pre e ke yo gen "anpil kè sote" pa rapò ak sityasyon sekirite a nan peyi a.

Gonzalez di VOA Prezidan Biden resevwa ransèyman sou sityasyon an regilyèman. Misye di gen divès fason Etazini ap eseye jere sa pami yo "fasilite yon diyalòg e ankouraje diyalòg pami diferan aktè yo".

"Dezyèman nap chache mwayen pou apiye Polis Nasyonal Ayisyen an (PNH) epi ogmante kapasite li (pou jere krim)," Gonzalez fè konnen. Li di Depatman d'Eta ap patisipe nen jefò sa a tou.

Gonzalez di gen jefò kap fèt nan nivo entènasyonal la tou.

"Nan LONU nap kole tèt ansanm ak patnè nou yo ann Ewop ak Amerik Latin nan pou jwenn mwayen pou kominote entènasyonal la apiye Ayiti nan domèn sekirite, sante piblik ak prensipal bezwen pèp Ayisyen an genyen kounyea," Gonzalez di VOA.

Yon lot kote, bandi ak zam kontinye simen la terè nan zon Kwadèboukè kote yo louvi zam e touye yon enspektè divizyonè PNH (Polis Nasyonal Ayisyen an).

Yon inite PNH bo kote pa li mete men sou 2 bandi ke yo akize dèske yo tap detounen kamyon.

Korespondan VOA Espayol nan Lamezonblanch, Jorge Agobian, kontribye a repotaj sa a

XS
SM
MD
LG