Accessibility links

Breaking News

Gad Fwontyè: 9 Migran Mouri Pandan yo Tap Eseye Travèse Rivyè Rio Grande a


Foto Achiv: Yon manm Gad Nasyonal Texas gade nan direksyon rivye Rio Grande a nan Eagle Pass, Texas, ki sitye sou fwontye Etazini pataje ak Meksik, 26 Out, 2022.
Foto Achiv: Yon manm Gad Nasyonal Texas gade nan direksyon rivye Rio Grande a nan Eagle Pass, Texas, ki sitye sou fwontye Etazini pataje ak Meksik, 26 Out, 2022.

Responsab sou tou 2 bo fwontyè Etazini-Meksik yo ap chache lot viktim apre omwens 9 migran te mouri pandan yo tap eseye travèse rivyè Rio Grande a, ki gonfle akoz gwo lapli ki tonbe tou pre Eagle Pass, eta texas.

Sèvis Pwoteksyon ak La Dwann Etazini pibliye yon deklarasyon Samdi kote li reponn yon rapo ki te parèt Jedi sou yon gwo kantite moun ki tap chache travèse fwontyè Meksik la.

Sèvis Nasyonal Meteyo a di nivo dlo nan rivyè a te ogmante plis pase prèske yon mèt nan yon sèl jounen epi kouran an te 5 fwa pi vit ke d'abitid.

CPB di responsab Ameriken yo rekipere 6 kadav, tandiske ekip sekouris Meksiken yo jwenn 3 lot.

Otorite yo di ekip Ameriken yo sove 37 migran nan rivyè a epi yo arete 16 lot moun. Otorite Meksiken yo menm arete 39 migran.

XS
SM
MD
LG