Accessibility links

Breaking News

Pantagòn nan Refize Ankò Demann Majistra Washington fè pou Ede Migran yo


Pantagòn nan pou dezyem fwa refize demann majistra vil Washington nan fè Lendi pou ede akeyi migran kap debake nan kapital la soti nan eta Texas ak Arizona ke Repibliken ap dirije.

Eta sa yo voye migran yo Washingon pou egzije gouvènman federal la ak Demokrat yo pran responsabilite pou moun sa yo.

Majistra Muriel Bowser te mande nan mwad Jiyè a pou deplwaye Gad Nasyonal vil Washington pou ede jere migran yo. Men Lame Etazini te refize demann sa a.

Li repete demann nan 11 Out - fwa sa a li te spesifye ke asistans la tap dire 90 jou e ke li tap tanmen 22 Out.

Nan lèt Bowser resevwa, ke Reuters te gen opòtinite gade, Pantagòn nan di Gad Nasyonal Washington pa gen okenn fòmasyon presi ni eksperyans nan jere bilding, bay manje, sanitasyon ni transpòtasyon migran yo.

Let la ajoute ke si yo te aksepte sa tap gen yon enpak "sibstansyel" sou kapasite twoup yo nan Washington pou deplwaye si gen dezòd oubyen yon atak.

XS
SM
MD
LG