Accessibility links

Breaking News

Fòs Sekirite Siryen yo Anvayi yon Vil nan Pati Nòdwès Peyi a


Fòs Sekirite Siryen yo Anvayi yon Vil nan Pati Nòdwès Peyi a
Fòs Sekirite Siryen yo Anvayi yon Vil nan Pati Nòdwès Peyi a

Militan dwazimen yo nan peyi Siri, di fòs sekirite siryen yo anvayi yon vil nan nòdwès peyi a, tou prè fwontyè Turki.

Obsèvatwa Siryen pou Dwazimen ki gen baz li nan vil Londres fè konnen sòlda yo nan tank avèk otobis rive nan Saraqeb e moun te ka tande bri zam k ap tire nan zòn-nan.Pako gen okenn sous ki rapòte si gen viktim.

Li difisil pou konfime detay sou ensidan an nan Siri paske se sèlman kèk jounalis etranje ke gouvènman an bay dwa pou antre nan peyi a epitou, li mete anpil restriksyon sou deplasman yo.

XS
SM
MD
LG