Accessibility links

Breaking News

FIFA Konteste Anilasyon Entèdiksyon A Vi Ex-Prezidan Federasyon Foutbòl Ayisyen Yves Jean-Bart la


SOCCER-HAITI/JEAN-BART
SOCCER-HAITI/JEAN-BART

FIFA ale ann apèl devan Tribinal Federal Suis la pou konteste desizyon tribinal spotif ki gen plis pouvwa a pran pou l anile entèdiksyon a vi, ansyen prezidan federasyon foutbol Ayisyen an Yves Jean-Bart.

La jistis akize misye de arsèlman seksyèl.

FIFA te mennen ankèt sou akizasyon sa yo ke plizye viktim lanse kont Jean-Bart. Zanmi viktim yo ak fanmi yo te bay detay sou kijan li te pran tèt ti medam yo pou yo fè sèks avè l epi menase yo dèske yo tapral pèdi plas yo nan pwogram seleksyon nasyonal la si yo pat aksepte.

Jean-Bart, ki gen 75 zan kounyea, demanti akizasyon sa yo epi yon tribinal Ayisyen te jwenn li pa koupab 19 Novanm 2020.

 Dr Yves Jean Bart Anonse li Pral Retounen Kòm Prezidan Federasyon Foubol Ayiti
please wait

No media source currently available

0:00 0:03:02 0:00

Sepandan, yon jou apre sa, FIFA te entèdi li a vi epi enpoze yon amann yon milyon franc Suis ($1.08 milyon) apre li te jwenn ni koupab de arsèlman seksyèl epi abi plizye jwèz - pami yo minè.

Jean-Bart te refere desizyon an an 2021 a Kou Abitrasyon Spo a, ki te akode apèl li mwa pase a. Kou a di li jwenn "konfli ak deklarasyon ki pa korèk pami sa viktim yo ak temwen yo te di" e ke FIFA te prezante devan tribinal la.

Sepandan FIFA deklare jodi Lendi a ke "li gen kè sote ke desizyon sa a gen ladann vyolasyon grav plizyè pwosedi pami yo le fèt ke Panèl TAS la pat evalye kèk prèv kle ke FIFA te ofri.

FIFA di: "Kom rezilta FIFA kapab konfime li prale ann apèl devan Tribinal Federal Suis la pou konteste desizyon TAS la, e li mande pou anile desizyon sa a konplètman."

XS
SM
MD
LG