Accessibility links

Breaking News

'Nou Anvi Make Liswta' - Ayiti Kalifye pou Mondyal Foutbòl Feminen an


Melchie Dumonay selebre premye gol li ak Roselord Borgella pandan match kalifikasyon pou Mondyal FIFA a nan vil Auckland, La Nouvel Zeland, 22 Fevriye, 2023.
Melchie Dumonay selebre premye gol li ak Roselord Borgella pandan match kalifikasyon pou Mondyal FIFA a nan vil Auckland, La Nouvel Zeland, 22 Fevriye, 2023.

Ayiti nan Mondyal : apre viktwa li madi swa (2-1) kont ekip Chili a, Seleksyon Ayiti, gras a yon gwo pèfòmans de Melchie Daelle Dumornay, rive kalifye pou premye fwa nan istwa li, pou yon faz final Koupdimond fanm.

Medam yo ki te bat Senegal (4-0) nan premye match yo nan kad baraj entèkontinantal la, te dwe bat Chili pou yo jwenn biyè pou yo ka al jwe Mondyal fanm yo ki gen pou fèt nan peyi Australi ak Nouvel Zeland soti 20 jiyè pou rive 20 Daout 2023.

Choz di, choz fèt, Grenadyè yo, byen enspire pa atakan Stade de Reims lan, Melchie Dumornay, pase Chili 2 gol, pou yo pran tikè yo pou yo ale nan fèt foubòl fanm yo.

Melchie Dumornay selebrea apre premye gol seleksyon nasyonal Ayiti nan match kalifikasyon pou Mondyal foutbol FIFA a kont Chili nan vil Auckland, La Nouvel Zeland, Mekredi 22 Fevriye, 2023.
Melchie Dumornay selebrea apre premye gol seleksyon nasyonal Ayiti nan match kalifikasyon pou Mondyal foutbol FIFA a kont Chili nan vil Auckland, La Nouvel Zeland, Mekredi 22 Fevriye, 2023.

Melchi Dumornay ki fè tou 2 gòl yo pou Ayiti, dedye kalifikasyon istorik sa a chantè Michael Benjamen (Mikaben), ke li di ki te toujou la pou seleksyon an.

« Se yon atis ki te toujou la pou nou e ki te vle pataje rèv sa ak nou. Malerezman li mouri. Men nou vle rann li omaj. Nou dedye kalifikasyon sa ak MikaBen », deklare yon Dumornay ki kontan e ki fyè anpil aprè kalifikasyon Ayiti pou mondyal la.

« Nou anvi make listwa. Nou te konnen tout peyi a dèyè a nou. Nou fè sa n te dwe fè a sou teren an e nou satisfè » ajoute Dumornay ki fini tounwa ak 2 gòl e 1 pas gòl.

Match la te difisil, men Grenadyè yo bay tout yo menm nan batay la pou yo reyalize rèv yo: Mennen Ayiti nan mondyal.

«Kondisyon an di anpil. Medam yo goumen anpil e yo fè anpil sakrifis pou yo rive la. Patisipe nan mondyal la se yon bèl rekonpans pou medam yo», deklare antrenè seleksyon an Nicolas Delépine ki di li kontan pou Grenadyè yo.

Jwez Chilyen Isidora Olave (a goch) ak Nerilia Mondesir pandan match kalifikasyon pou Mondyal la nan Auckland, Nouvel Zeland, 22 Fevriye, 2023.
Jwez Chilyen Isidora Olave (a goch) ak Nerilia Mondesir pandan match kalifikasyon pou Mondyal la nan Auckland, Nouvel Zeland, 22 Fevriye, 2023.

Anplis de sa gen anpil Ayisyen toupatou ki salye kalifikasyon Grenadyè yo pou Koupdimond lan. Tankou chantè Wyclef Jean ki kalifye ekspwa medam yo de « akonplisman enkwayab »

« Ayiti pra l nan Koupdimond » ekri sou twitè ansyen chantè Fugees la ki pwofite felisite kouraj medam yo pou kokennchenn akonplisman sa.

Bò kote pal, premye minis Ayisyen an, Ariel Henry di li fyè e rekonesan pou gwo travay grenadyè yo. « Mwen felisite ekip fanm nou an ki kalifye pou Koupdimond lan», deklare sou twitè Premye Minis lan ki di lap tan lòt viktwa nan men medam yo pou glwa ak lonè nasyon an.

Ann souliyen nan nan 2 match baraj yo, Haiti make 6 gòl, li pran yon sèl. Roselord Borgella ak Melchie Dumornay fè 2 gòl yo chak. Nerilia Mondesir ak Ketha Louis make youn yo chak.

Nan Koupdimond lan, Ayiti tonbe nan gwoup D a ki gen ladanl, Angletè, Danmak ak Lachin.

XS
SM
MD
LG