Accessibility links

Breaking News

Ayiti, Pòtigal Kalifye pou Mondyal Foutbòl Feminen an pou Premye Fwa


Melchie Dumonay selebrea apre premye gol seleksyon nasyonal Ayiti nan match kalifikasyon pou Mondyal foutbol FIFA a kont Chili nan vil Auckland, La Nouvel Zeland, Mekredi 22 Fevriye, 2023.
Melchie Dumonay selebrea apre premye gol seleksyon nasyonal Ayiti nan match kalifikasyon pou Mondyal foutbol FIFA a kont Chili nan vil Auckland, La Nouvel Zeland, Mekredi 22 Fevriye, 2023.

Ayiti ak Potigal kalifye pou Mondyal Foutbòl Feminen FIFA a pou premye fwa apre match kalifikasyon yo sot jwe nan La Nouvèl Zeland.

Diana Silva make yon gòl nan 94èm minit la pou ede Pòtigal kale Kamewoun 2-1. "Lionès" Kamewoun yo rive nan gwoup dè 16 la nan 2 dènye Mondyal yo.

Ayiti limenm kale Chili 201, nan yon match istorik ke seleksyon nasyonal la espere pral pote yon "souf lè fre" pou peyi d Ayiti kap fè fas ak plizyè kriz.

Melchie Dumornay make 2 gol pou kore viktwa seleksyon nasyonal Ayiti, ki klase 55èm e ki asire Ayiti pral ede emisfè sid la tounen nan chanpyona a. Ayiti fè pati gwoup D a, ansanm ak Angletè, Lachin ak Danmark.

Sa pa gen lontan, Dumornay te siyen yon kontra ak ekip Lyon an ki ranpòte Lig Chanpyon an 7 fwa deja. Li te make premye gòl Ayiti apre yon pas Roselord Borgella nan tan siplemantè pou pèmèt Ayiti pran devan 1-0.

Grenadyèr yo te oblije genyen 2 match nan La Nouvèl Zeland pou kalifye pou premye Mondyal yo. Yo kale Senegal 4-0 nan match ouvèti a, epi apre sa yo kale Chili ki klase 38èm pou premye fwa.

Anvan match la, jwèz Danielle Etienne te di rezo spòtif ESPN ke "gen anpil mekontantman an Ayiti e ke foutbòl pote jwa."

Li ajoute ke si Ayiti kalifye pou Mondyal la "se pral yon gwo bagay. Nou vle pou peyi a respre lè fre epi ekate l ak tout pwoblèm yo."

3 dènye plas pou Mondyal la pral deside pandan yon final entè-kontinantal kap gen patisipasyon 10 ekip nan La Nouvèl Zeland. Yo pral deside pami gayan match Jedi a ant Paragwe ak Panama.

XS
SM
MD
LG