47èm Asanble Jeneral OEA a nan vil Cancun, peyi Meksik, klotire byen ta nan aswè, mèkredi 21 jwen 2017 la, san okenn rezolisyon ni yon deklarasyon final sou Venezuela, youn nan peyi nan Amarik Latin yo ki se gwo ekspòtatè petwòl men kap fè fas ak yon kriz politik san presedan.
Prezidan asanble jeneral la, an palan de minis afè etranjè peyi Meksik la, pat mete dlo nan bouch li pou eksprime endiyasyon ak desepsyon l pou konpòtman chèf delegasyon Venezuela a, madam Delsy Rogriguez, li di ki manke peyi Meksik ak Etazini anpil dega, yon konpotman ki dapre Mesye Videgaray pa akseptab di tou.
Chanselye Meksiken an ki tap reponn kesyon repòtè yo nan yon dènye konferans deprès nan Cancun nan fè konnen asanble sa a pa yon echèk jan jounalis yo ak lòt moun vle fè kwè sa a. Mesye Videgaray declare:
“Pwojè rezolisyon ki echwe a, se yon mesaj fò 20 peyi nan Amerik Latin nan voye bay prezidan Maduro, pou sitwayen venezuelyen ki nan advèsite, kap soufri; Venezuela se yon peyi kote to mòtalite matènèl ak enfantil pase a 67 pou san (67%) pandan 3 dènye lane yo, e otorite yo pa respekte dwa fondamantal popilasyon an.”
Minis afè etranjè Meksik la, Luis Videgaray lonje dwèt tou sou 5 peyi nan Karayib la, pami yo, Trinidad e Tobago, Barbade, St. Kitts e Navis, Surinam ak Granada, li di ki te fin dakò pou vote an favè premye rezolisyon an, men nan jou vòt la yo te chanje pozisyon yo.
Chanselye Meksiken an fè konnen tou : “Dosye Venezuela a pa kanpe, li pral kontinye nan seri reyinyon konsiltasyon konsèy pemanan OEA a.”
Sekretè jeneral OEA a, Louis Almagro, ki te pran lapawòl nan konferans pou laprès la ale nan menm sans ak chanselye meksiken an kote li anonse gran pwen nan pwochen rankont sou kriz politik Venezuela a.
Mesye Almagro fè konnen, òganizasyon an pral gen pou l chita sou dosye sitiyasyon prizonye politik yo nan Venezuela, kalandriye elektoral la, renonsman asanlbe konstitiyant yo vle mete sou pye a, ak respè pouvwa jidisyè a."
Kriz politik Venezuela a ki te domine aktyalite a nan rankont 3 jou Asanble Jeneral Oganizasyon Eta Ameriken yo (OEA) nan Cancun, peyi Meksik pral kontinye okipe sant deba yo nan pwochen rankont òganizasyon rejyonal la.