Accessibility links

Breaking News

FDA Pare Chimen pou Timoun ant 5 ak 11 zan pran Vaksen Booster Kont COVID-19


Foto Achiv: Yon enfimye kenbe doz vaksen Pfizer kont COVID-19 pou timoun ki gen ant 5 ak 11 zan.
Foto Achiv: Yon enfimye kenbe doz vaksen Pfizer kont COVID-19 pou timoun ki gen ant 5 ak 11 zan.

Kontwolatè Ameriken yo otorize yon vaksen siplemantè Booster kont COVID-19 pou timoun ki an sante e ki gen ant 5 ak 11 zan.

Tout moun Ozetazini ki gen plis pase 12 zan deja otorize pou yon doz vaksen booster la ki bay plis pwoteksyon kont nouvo varyan kowonaviris yo.

Gen kèk moun - pami yo sa yo ki gen plis pase 50 an, ki ka chwazi pou yo pran yon dezyèm booster.

Otorizasyon Administrasyon Manje ak Medikaman an - FDA - anonse Madi pèmèt Pfizer administre yon 3èm vaksen pou timoun lekol yo tou - omwens 5 mwa apre yo finn pran premye 2 doz vaksen an.

Gen yon lot defi ki rete. Sant pou Prevansyon ak Kontwol Maladi a gen pou'l deside si li pral rekomande ofisyèlman pou gwoup timoun nan laj sa a pran vaksen an.

XS
SM
MD
LG