Accessibility links

Breaking News

Fanatik Chantez Brezilyèn Marília Mendonça An Dèy


Fanmi chantez Brezilyen Marilia Mendonca kriye devan sekey li nan Goiania, Brezil, 6 Nov. 2021.
Fanmi chantez Brezilyen Marilia Mendonca kriye devan sekey li nan Goiania, Brezil, 6 Nov. 2021.

Plizyè dizèn milye fanatik chantez Brezilyèn Marília Mendonça rasanble pou rann omaj ak loreya pri Grammy Laten an, ki te gen 26 zan.

Mendonça ak 4 lot moun mouri nan yon aksidan avyon Vandredi pandan yo te nan wout pou y al nan yon konsè.

Fanatik tann pou rann yon denye omaj a chantez Brezilyenn Marilia Mendonca nan vil Goiania, Brezil, 6 Nov. 2021.
Fanatik tann pou rann yon denye omaj a chantez Brezilyenn Marilia Mendonca nan vil Goiania, Brezil, 6 Nov. 2021.


Fanatik kap pote dèy pou idol yo te fè la ke pandan plizyè hè d tan Samdi malgre wo chalè, nan vil natal Mendonça a. Yo te tann yon pakèt tan pou antre nan yon sant spotif kote veye li tap dewoule. Gen kèk ki t al chache lombraj anba onbrèl.

Moun te pran kriye pandan yo tap pase bo kote sèkèy li. Vedèt la te koni pou angajman li te konn pran antanke feminis, ak chante li yo ki pale sou pouvwa fanm yo epi denonse zak vyolans mari ak menaj komèt kont medam yo.

XS
SM
MD
LG