Accessibility links

Breaking News

Ansyen Lidè Sovyetik Mikhail Gorbatchev Mouri


Foto Achiv: Prezidan Sovyetik Mikhail Gorbachev
Foto Achiv: Prezidan Sovyetik Mikhail Gorbachev

Ajans nouvèl Ris yo rapòte ansyen Prezidan Sovyetik Mikhail Gorbachev mouri a laj de 91 an.

Gorbachev, dènye lidè Inyon Sovyetik la, te goumen pou sove yon anpir ki tap efondre san siksè, sepandan li te fè refòm ekstraòdinè ki te mete fen nan Lagè Frèt la.

Lidè sovyetik la te tabli relasyon avèk loksidan, sa ki te pare chemen an pou ranvèsman Rido de Fè a e pou mete fen nan divizyon Lewòp.

An 1990, Gorbachev te resevwa Pri Nobèl Lapè a pou ansanm reyalizazyon li sou kontinan ewopeyen an.

Li genyen tou yon rekonesans mondyal pou efò li te fè pou l te refòme sistèm kominis la.

XS
SM
MD
LG