Accessibility links

Breaking News

Etazini: Yon Mach pou Mande Pwoteksyon Pèmanan pou Imigran Ki Gen TPS yo


Plizyè Santèn Moun Mache nan Washington An Favè Rezidans Pèmanan pou Imigran TPS yo
please wait

No media source currently available

0:00 0:05:01 0:00

Plizyè Santèn Moun Mache nan Washington An Favè Rezidans Pèmanan pou Imigran TPS yo

Fanmi ak sipòtè imigran ki gen Estati Pwoteksyon Tanporè, (TPS) fè yon mach nan Washington DC madi 12 fevriye 2019 la pou mande Kongrè ameriken an vote yon lwa kap bay moun sa yo yon Estati Pèmanan.

The National TPS Alliance, (Alyans Nasyonal pou TPS) la te anonse plan yo genyen pou yon gwo mobilizasyon nan Washington DC madi 12 fevriye 2019 la pou mande jistis ak yon solisyon pèmanan pou imigran ki gen TPS yo. Imigan 13 peyi kap viv ak etasti pwoteksyon tanporè a depi plizyè ane ak tout fanmi yo ap patisipoe nan mach sa a kote yo pral voye yon mesaj bay nouvo Kongrè a ak Prezidan Donald Trump.

Jose Palma, yon imigran El Salvador ki gen TPS e ki se an mèm tan tou pòtpawòl Alyans Nasyonal TPS la, di yo kanpe ak tout moun ki gen TPS e yap goumen ansanm pou yon estati pèmanan.

Li ajoute pou l di, yon solisyon san yon estati pèmanan se yon souflèt nan figi fanmi sa yo kap bay kontribisyon yo ak peyi a depi plizyè dizèn ane.

Mach pou estati pèmanan pou imigran ki gen TPS yo te kòmanse devan Lamezon Blanch a 9:30am e li te pran direksyon devan Kongrè a kote responsab yo te bay yon konferans pou laprès.

XS
SM
MD
LG