Accessibility links

Breaking News

Etazini: Prezidan Trump Vle Bay Anplwaye Federal yo Garanti Yap Touche Lè Gouvènman an Relouvri


Prezidan ameriken an, Donald Trump pandan li tap pale ak repòtè yo nan Lamezon Blanch avan li te pati pou Tekzas kote li ta pral vizite fwontyè Etazini pataje ak Meksik. Foto:19 janvye 2010. REUTERS/Carlos Barria, 19 janvye 2010.
Prezidan ameriken an, Donald Trump pandan li tap pale ak repòtè yo nan Lamezon Blanch avan li te pati pou Tekzas kote li ta pral vizite fwontyè Etazini pataje ak Meksik. Foto:19 janvye 2010. REUTERS/Carlos Barria, 19 janvye 2010.

Prezidan Donald Trump ap pare pou l siyen jodi mèkredi 16 janvye 2019 la yon lwa ki bay anplwaye federal yo garanti kònkwa yo pral touche lajan travay leta dwe yo pandan tout dire fèmti pasyèl gouvènman an.

Sepandan, pèsonn poko konnen aklè kilè moun pral jwenn chèk sa yo paske lidè ameriken an ansanm ak lidè Demokrat nan Kongrè a poko ka rive jwenn yon mwayen pou rezoud kriz la. Genyen anviwon 800 mil anplwaye federal ki swa nan konje otomatik oubyen kap travay san touche depi dat 22 desanm 2018 ane pase.

Si fèmti gouvènman an dire yon lòt semèn ankò, travayè yo pral rate yon dezyèm salè ane sa a. Pandanstan, responsab nan administrasyon amerikèn nan te di raple plizyè milye anplwaye biwo kontribisyon Etazini an ki rele IRS pou vin travay san peye, yon fason pou voye retounen lajan taks sou revni bay kontribyab ki te peye enpo anplis.

Foto Kongrè ameriken an
Foto Kongrè ameriken an

Sèten nan yo pral travay pou asire sekirite vòl avyon nan ayewopò yo ansanm ak enspektè kap evolye nan depatman federal pou kontwòl medikaman ak alimantasyon, asavwa FDA. Bò kote pa yo, konpayi finans Etazini yo mete sou pye divès pwogram pou ede travayè kap fè fas sibitman ak pèt salè, nan moman yon gwo kantite restoran ap bay anplwaye federal yo manje gratis pou yo manje.

XS
SM
MD
LG