Accessibility links

Breaking News

Etazini-Politik: Gouvènman an Gen 24 Jou depi Li Fèmen – Yon Solisyon Sanble Lwen Toujou


Etazini-Politik: Gouvènman an Gen 24 Jou depi Li Fèmen – Yon Solisyon Sanble Lwen Toujou
please wait

No media source currently available

0:00 0:02:34 0:00

Etazini-Politik: Gouvènman an Gen 24 Jou depi Li Fèmen – Yon Solisyon Sanble Lwen Toujou

Prezidan ameriken an, Donald Trump, kanpe fèm sou demand li fè pou lidè demokrat yo nan Kongrè a fè administrasyon li a jwenn 5 milya 700 milyon dola pou konstriksyon yon miray sou fwontyè ki separe Lèzetazini avèk Meksik la. Lidè ameriken an deklare miray sa a nesesè pou garanti sekirite peyi a. Mezantant sou kesyon sa a ap kontinye aloske absans yon solisyon pwovoke yon fèmti pasyèl gouvèman federal la ki antre nan 24èm jou li lendi 14 janvye 2019 la.

Vandredi 11 janvye pase a, plizyè santèm milye anplwaye federal pa t resevwa chèk yo pou la premyè depi ane a kòmanse. Li posib pou sitiyasyon sa a kontinye pandan plizyè semèn ankò, si se pa plizyè mwa. Divès ajans gouvènmantal fèmti a afekte diminye sou manm pèsonèl yo pou fè fas ak sitiyasyon an: genyen ki rete lakay yo, tandiske gen lòt ki ale travay san yo pa konnen ki lè yap touche.

Sendika anplwaye federal yo kòmanse fè manifestasyon pou yo fòse La Mezon Blanch ak lidè demokrat yo nan Kongrè a chache jwenn yon solisyon pi rapidman posib pou manm yo kapab retounen nan travay.

XS
SM
MD
LG