Nan epòk la Kyle Rittenhouse, ki te gen 17 an, t al rejwenn plizyè lòt moun ki te ame e ki te prezante tèt yo kòm "gwoup oto-defans " pou pwoteje vil Kenosha, nan Eta Wisconsin. Misye se yon natif natal Ilinwa, yon eta vwazen Wisconsin. Li te parèt ak yon fizi semi-otomatik ke l te itilize nan yon sikonstans kote k te gen anpil konfizyon. 2 moun te mouri e yon lòt te blese. Tout viktim yo sete blan.
Otorite yo te arete Kyle Rittenbhouse tousuit apre sa epi li te vin jwenn libète sou yon kosyon 2 milyon dola. Li plede non-koupab e li kapab pran prizon avi si jiri a kondane l.
Pwosè sa a reflete divizyon ki genyen nan sosyete amerikèn nan sou kesyon zam ak mouvman ki rele "Black Lives Matter" (Lavi Moun Nwa Gen Enpòtans).
Pwosè a te kòmanse nan maten jounen lendi premye novanm nan ak yon jiri ki te gen 12 manm -8 ladan yo se ranplasan pou sizoka yon manm jiri orijinal la pa ka ranpli fonksyon ni. Jijman sa a kapab dire ant 2 ak 3 semèn, dapre otorite yo.
Pandan pwosesis la ap dewoule, lajistis pral prezante Kyle Rittenhouse kòm yon ekstremis zèl dwat ki te ale nan vil Kenosha avèk entansyon pou l te pwovoke manifestan anti-rasis yo. Avoka l la pral defann dwa misye genyen pou l te "defann tèt li kont moun ki t ap atake l yo."
© Ajans France Presse