Minis trezò Lèzetazini an, Timothee Geithner –kap vizite peyi Japon— rankontre nan Tokyo ak otorite yo ki pwomèt pou yo koupe sou enpòtasyon petwòl iranyen an, yon fason pou yo apiye sanksyon Lèzetazini pran nan kad efò k ap fèt sou plan entènasyonal la pou fòse Iran mete fen nan pwogram nikleyè l la ki pwovoke gwo pawòl anpil.
Kòlèg japonè misye Geithner, Jun Azumi, fè laprès konnen Japon rekonèt ke kesyon nikleyè iranyen an se yon preokipasyon entènasayonal. Misye Azumi di: “Lemond pa kapab fèmen je l sou pwoblèm ke devlopman nikleyè poze; Kidonk, bò kote pa nou, nou byen konprann sanksyon Lèzetazini pran yo.”
Misye Geithner –ki t ap bay yon konferans pou laprès ansanm avèk misye Azunmi, deklare Washington apresye anpil apui li jwenn bò kote Tokyo a. Li ajoute Lèzetazini ak kèk lot peyi ap travay pou yo kontinye ogmante presyon an sou Teheran.
Minis Geithner fè konnen: “Tankou m di sa deja a, n ap eksplore mwayen pou n koupe tout kontak bank santral Iran an avèk sistèm finansye entènasyonal la e pou n redui lajan Iran antre nan lavant petwòl yo."
Minis trezò ameriken an twouve l sou kontinan azyatik la pou yon toune k ap dire 3 jou. Anvan Japon, vire won sa a te deja mennen li nan peyi Lachin.