Accessibility links

Breaking News

Etazini-Irak: Sitiyasyon an Parèt Pi Kalm Devan Anbasad Etazini an nan Bagdad


Lame irakyen ki deplwaye devan anbasad ameriken an nan Bagdad, prmeye janvye 2020.
Lame irakyen ki deplwaye devan anbasad ameriken an nan Bagdad, prmeye janvye 2020.

Sitiyasyon an nan anbasad Etazini an nan kapital irakyèn nan Bagdad, te vin pi kalm apre gwoup milisyen kap soutni Iran yo te kite zòn nan.

Retrè milisyen yo mete fen nan yon enpas 2 jou kote nèg ame ak patizan yo te atake lokal ambasad ameriken an e detwi zòn antre ak resepsyon an. Foul la mete dife epi ekri grafiti sou mi antre anbasad la pou eksprime mekontantman yo ak yon atak aeyèn Etazini te lanse kont gwoup milisyen sa yo kap sipòte Iran.

Frap aeyèn Etazini yo te fèt an Irak ak nan Siri kont gwoup Kataeb Hezbollah kòm yon repons ak yon atanta mètriyè ak wòkèt ki te fèt sou yon sitwayen ameriken kap travay kòm yon kontraktyèl ann Irak.

Sekretè Deta Ameriken an Mike Pompeo, akize lidè Kataeb Hezbollah la ak lòt moun li konsidere kòm "teroris" li di ki atake anbasad ameriken an nan Baghdad. Tout operasyon nan konsila la te sispann pou lemoman e Depatman Deta avèti sitwayen ameriken yo rete lwen sit anbasad la.

Prezidan ameriken an Donald Trump te di madi pase a ke lap konsidere Iran reponsab atak sou anbasad ameriken an nan Bagdad, e Tehran kapab peye yon gwo pri pou nenpòt domaj byen yo ak lavi pèsonel ameriken yo.

XS
SM
MD
LG