Accessibility links

Breaking News

Etazini-Impeachment: Sena a Ap Tande Premye Agiman Depite Akizatè yo Kont Prezidan Trump


Sena ameriken a nan moman jijman kont Prezidan Donald Trump la. Jan. 22, 2020. (Senate Television via AP)
Sena ameriken a nan moman jijman kont Prezidan Donald Trump la. Jan. 22, 2020. (Senate Television via AP)

Apre yon deba maraton sou règleman etabli nan kad pwosè destitisyon kont Prezidan Donald Trump la, Sena ameriken an ap reyini jodi mèkredi 22 janvye 2020 an pou tande premye agiman depite akizatè chanm bas la pandan 24è an 3 jou.

Yo pral genyen pou demontre rezon ki fè yo ta dwe retire lidè ameriken an sou pouvwa a. Avoka k ap defan prezidan an gen menm kantite tan pou rejte agiman akizatè yo.

Yon ti bout tan anvan 2 zè dimaten jodi mèkredi a, Sena a te vote an blòk 53 vwa repibliken pou e kont 47 demokrat pou adopte yon seri règ lidè majorite repibliken an Mitch McConnell pwopoze.

XS
SM
MD
LG