Accessibility links

Breaking News

Etazini-Eleksyon: Kandida Alaprezidans yo Kontinye Lanse Atak Youn sou Lòt nan Mwens ke yon Semèn pou Eleksyon yo


Kandida pati demokrat la pou pòs Prezidan Lèzetazini, Hillary Clinton nan yon pandan kanpay linan Sanford, Florid, 1 Novanm, 2016.
Kandida pati demokrat la pou pòs Prezidan Lèzetazini, Hillary Clinton nan yon pandan kanpay linan Sanford, Florid, 1 Novanm, 2016.

2 kandida alaprezidans yo, demokrat Hillary Clinton ak repibliken Donald Trump, ap lanse pawòl piman bouk youn kont lòt, yo fason pou yo repran elan nan moman eleksyon prezidansyèl 8 Novanm yo ap vanse sou dènye liy dwat la.

Pandan madan Clinton t ap pale nan Miami-Dade, nan eta Florid, li te eseye resantre pawol li sou rival repibliken li an, apre li fin pase plizyè jou ap abòde desizyon biwo ankèt federal la pran pou reparèt ak ansyen dosye imèl li yo.

Ansyen sekretè deta Lèzetazini an te yon tijan ezite pou l site non Donald Trump dirèkteman, men li repran kèk ansyen deklarasyon kandida repibliken an te fè pou degrade, lage vèni sou medam yo e lanse atak seksyèl sou yo.

Kandida demokrat la kontinye pou l di, " Franchman, mwen ta pi renmen pale sou preske tout lòt bagay, men nou oblije abòde yon sijè ki franchman bay lapèn e ki enpòtan anpil." Fen sitasyon.

Kandida pati Repibliken an pou pòs Prezidan Lèzetazini, Donald Trump, pandan kanpay li nan yon inivèsite nan Wisconsin, 1 Nov. 2016.
Kandida pati Repibliken an pou pòs Prezidan Lèzetazini, Donald Trump, pandan kanpay li nan yon inivèsite nan Wisconsin, 1 Nov. 2016.

Pandan Clinton kontinye atake Trump sou karaktè ak tanperaman li, Trump konsantre atansyon l sou echèk lwa sou swen sante Prezidan Obama a. Dapre Trump, kòb moun pral gen pou peye pou swen sante pral monte plis pase 25 pousan an 2017.

Si l eli, Trump di, l ap konvoke Kongrè a pou l reyini an sesyon espesyal imedyatman pou anile lwa sou swen sante a.

Teknikman, Trump tap gen otorite pou l konvoke Kongrè a pou l reyini an sesyon espesyal. Men nan dat 20 janvye 2017, dat Trump ta gen pou l prete sèman kòm nouvo prezidan Lèzetazini, Kongrè a t ap deja an sesyon. Kidonk, konvokasyon Trump lan pa tap nesesè.

XS
SM
MD
LG