Accessibility links

Breaking News

Etazini Deside Rejwenn UNESCO pou Kontrekare Enfliyans Lachin


Foto Achiv: Logo Oganizasyon Edukasyonel, Syantifik ak Kiltirel Nasyonzuni an, UNESCO nan Paris.
Foto Achiv: Logo Oganizasyon Edukasyonel, Syantifik ak Kiltirel Nasyonzuni an, UNESCO nan Paris.

Ajans Kiltirèl ak Syantifik Nasyonzuni an, UNESCO, anonse Etazini gen entansyon re-vinn manm oganizasyon an epi peye plis pase $600 milyon aryere li dwe ajans la apre yon mezantant ki te dire 10 zan akoz UNESCO te deside kite Palestin vinn manm oganizasyon an.

Responsab Ameriken yo di sa ki motive yo pran desizyon sa a se le fèt ke Lachin ap konble vid la anski konsène politik UNESCO yo.

Gouvènman Ameriken an prezante yon plan pou peye aryere yo pou li ka revinn manm UNESCO.

Direktè UNESCO a enfome anbasadè yo sou desizyon Etazini an pandan yon rankont espesyal ki te dewoule Lendi.

Nan tan lontan, Etazini te peyi ki kontribye plis lajan nan UNESCO.

Retou ofisyel li pral fè fas ak yon vot pami 193 peyi manm UNESCO yo mwa pwochen an.

XS
SM
MD
LG