Accessibility links

Breaking News

Etazini ap Pare pou Voye Plis Asistans Militè bay Ikrèn


Prezidan Joe Biden pale ak jounalis yo anvan li monte nan avyon prezidansyel la, Air Force One nan ayewopo entenasyonal Des Moines la nan vil Des Moines, Iowa, Madi 12 Avril 2022.
Prezidan Joe Biden pale ak jounalis yo anvan li monte nan avyon prezidansyel la, Air Force One nan ayewopo entenasyonal Des Moines la nan vil Des Moines, Iowa, Madi 12 Avril 2022.

Lèzetazini pral anonse nan kou kap vin la yo yon lot $750 milyon asistans sekirite pou Ikrèn nan moman kote lidè Ikrenyen an Volodymyr Zelenskyy ap mande plis èd pou konbat fòs Ris yo.

Yon responsab wo plase di ajans nouvèl Reuters ke tandiske yap diskite sou plan final la, gen anpil chans ke èd la pral gen ladann sistèm atiyri ak gwo zam lou.

Yon responsab wo plase Depatman Defans Etazini di fòs Ikrenyen yo resevwa "anpil asistans" - ladann gen 100 dron ki gen kapasite pou kraze misil e ki fè pati yon plan asistans Etazini te anonse anvan sa ki vo $300 milyon.

Rès dron yo pral rive Ikrèn semèn pwochèn, ansanm ak misil anti-tank Javelin yo.

Prezidan Joe Biden ak Premye Minis Britanik la Boris Johnson Madi te "re-afime angajman yo pou yo kontinye bay Ikrèn asistans sekirite ak imanitè fas ak atwosite La Risi kontinye komèt nan peyi a, " Lamezonblanch fè konnen nan yon deklarasyon li pibliye.

Biden ogmante tou retorik li kont La Risi kote li akize Prezidan Vladimir Putin dèske li oganize yon "jenosid" nan Ikrèn.

"Bidjè familyal ou, kapasite pou mete gaz nan machin ou, okenn nan bagay sa yo pa fèt pou depann de yon diktatè ki deklare lagè e ki komèt jenosid pa lòt bò mond lan," Biden deklare pandan yon vizit nan eta Iowa pou fè piblisite pou yon pwogram ki vize ede soulaje pri gazolin nan Ozetazini.

Pi ta, prezidan an te defann desizyon pou'l dekri zak La Risi komèt yo kòm jenosid pandan li tap pale ak jounalis yo anvan li te monte nan avyon prezidansyèl la, Air Force One.

"Mwen rele'l jenosid paske lap vin de plizanpli klè ke Putin ap tou senpleman eseye efase ide pou yon moun ta Ikrenyen, e prèv ki konfime sa ap ogmante," Biden deklare.

Li ajoute "Eben kite avoka yo deside entènasyonalman si wi ou non (zak sa yo) kalifye kòm jenosid, men se sa li sanble nan je pa'm."

Biden kritike Putin plizyè fwa. Li dekri li piblikman tankou yon "kriminèl lagè" e li mande pou Putin fè fas ak yon pwosè pou krim sa yo apre prèv atwosite ki komèt nan Bucha yo te vinn piblik.

Korespondan VOA sou kestyon sekirite nasyonal, Jeff Seldin ekri vesyon orijinal repotaj sa a

XS
SM
MD
LG