Accessibility links

Breaking News

Gen Posibilite pou Taliban yo ann Afganistan Rive Siyen Akò ak Etazini


Afghanistan
Afghanistan

Responsab taliban yo sanble yo ta eksprime konfyans kòmkwa yo pral siyen yon akò lapè ak Etazini disi fen mwa fevriye a an prezans kèk garan entènasyonal, yon fason pou mete fen nan lagè kap dewoule nan Afganisran depi 18 tan.

Yon gwo lidè gwoup rebèl la di yon ajans nouvèl pwo-taliban 2 advèsè yo pran yon desizyon mityèl pou seremoni siyati akò a dewoule nan vil Doha, kapital Katar, yon eta nan gòlf pèsik la ki te patwone pandan 18 mwa negosyasyon lapè ant Etazini ak otorite taliban yo.

Abdul Salam Hanafi, ki se yon manm enpòtan nan ekip negosyatè taliban yo ak biwo politik gwoup militan afgan an nan vil Doha, pa bay oken dat presi. Sepandan, kèk sous ki pwòch taliban yo di 2 kan yo ap pare pou siyen dokiman an 29 fevriye kap vin la a.

XS
SM
MD
LG