Accessibility links

Breaking News

Etazini: 6 Moun Mouri nan yon Fiziyad nan Milwaukee, Wisconsin


Polis espesyalize ki rive sou sèn kote fiyad la te fèt la nan direksyon jeneral konpayi, Molson Coors, nan Milwaukee, Wisconsin, 26 fevriye 2020.
Polis espesyalize ki rive sou sèn kote fiyad la te fèt la nan direksyon jeneral konpayi, Molson Coors, nan Milwaukee, Wisconsin, 26 fevriye 2020.

Yon nèg ame nan Milwaukee (Wisconsin) touye ak bal 5 moun avan li touye tèt li mèkredi 26 fevriye 2020 an. Lapolis idantifye asayan an kòm yon nèg ki gen 51 lane san li pa revele non l ak non viktim yo jiskaske fanmiy yo okouran. Dapre otorite yo gen 4 lòt moun ki blese ak bal nan ensidan an.

Prezidan ameriken an Donald Trump ki tap pale ak laprès nan Lamezon Blanch sou Kowonaviris la di voye senpati l bay fanmi viktim yo. Lapolis pa bay twòp enfòmasyon sou nèg amer a k rezon ki fè komèt krim nan.

Aksyon an rive nan building konpayi, The Molson Coops, kote yo pwodui bwason alkolize tankou byè e ke konsève pwodui sa yo pou vizitè etranje e li gen tou yon gwo jaden byè. Chèf antrepriz la, Gavin Hattrsley, di la pa gen mo pou eksprime kòman li tris nan moman sa a.

Yo anrejistre anpil zak fiziyad pandan 20 ane pase nan eta Wisconsin, zòn sant lwès sitou. Pi resan a se an 2012 kote yon blan sipremasi touye 6 moun devan tanp Sikh a nan Milwaukee. 12 lòt moun te soti blese nan fiziyad la avan pou asayan an te touye tèt pal.

XS
SM
MD
LG