Accessibility links

Breaking News

Fiziyad Ozetazini - 2 Elèv Lise Mouri nan Eta Kalifòni Tandiske 4 Lòt Blese Grav


Tire nan yon lise nan Eta Kalifòni
Tire nan yon lise nan Eta Kalifòni

Ozetazini 2 viktim mouri lopital tandiske 4 lòt blese gravman nan yon fiziyad ki dewoule nan yon lekòl nan Eta Kalifòni. Ensidan sa a rive nan Lise Saugus, nan vil Santa Clarita Valley, nan awondisman Los Angeles. Atakan an, ki se yon elèv lekòl la, tire tèt li nan tèt, men li pa mouri, menmsi, dapr sa ajans nouvèl Associated Press di, li twouve l nan yon kondisyon grav. Lapolis nan Los Angeles di yo poze arestasyon sispèk la.

Otorite yo fèmen antre ak sòti tout lekòl ozalantou Lise Saugus ki sou yon distans 48 kilomèt avèk Los Angeles. Paran elèv yo resevwa konsèy pou yo reyini yon sèl kote, swa nan Central Park, pou yo tann pitit yo ak nouvèl sou sa ki pase a. Vis sekretè laprès La Mezon Blanch la, Judd Deree, fè konnen otorite yo mete Prezidan Donald Trump okouran evolisyon sitiyasyon an.

XS
SM
MD
LG