Accessibility links

Breaking News

Etazini: Plis Pase 200 Majistra Kominal Siyen yon Dokiman pou Mande Sena Ameriken an Vote yon Lwa sou Kontwòl Zam


Yon boutik zam Ozetazini
Yon boutik zam Ozetazini

Plis pase 200 majistra ameriken siyen yon dokiman jedi 8 out la pou egzije pou Sena ameriken an retounen soti an vakans, dekwa pou pou apwouve yon pwopozisyon lwa sou kontwòl zam apre fiziyad an mass ki sot fèt pandan wikenn pase a, kote 31 moun pèdi lavi yo.

Konferans majistra yo ki reprezante 214 vil Ozetazini, e ki gen ladann Demokrat kou Repibliken, di lidè majorite nan Sena a Mitch McConnell ak lidè Demokrat Chuck Schummer li ijan anpil pou gran kò a apwouve mezi sou kontwòl zam afe a ki deja pase nan chanm reprezantan an.

XS
SM
MD
LG