Accessibility links

Breaking News

Espay: Dakò Ekstrade Ansyen Chèf Entèlijans Hugo Chavez Ozetazini


FILE - Venezuela's President Nicolas Maduro, right, embraces retired General Hugo Carvajal as they attend the Socialist party congress in Caracas, July 27, 2014.
FILE - Venezuela's President Nicolas Maduro, right, embraces retired General Hugo Carvajal as they attend the Socialist party congress in Caracas, July 27, 2014.

Lajistis Espayòl otorize ekstradisyon ansyen chèf entèlijans militè Venezyelyen sou rejim Chavez la. Yo te arete Hugo Armando Carvajal nan kòmansman mwa septanm nan vil Madrid.

Nan yon deklarasyon, Tribinal la di li te rejte yon dènye kontestasyon ansyen sòlda a te depoze, kote li te opoze ak ekstradisyon l Ozetazini, kote otorite amerikèn yo vle jije l nan yon dosye trafik dwòg.

Yon pòtpawòl Odyans Nasyonal la te di AFP, avèk desizyon sa ke tribinal la pran an, otorite yo nan peyi Espay, pral transfere Hugo Carvajal bay otorite Ameriken yo.

Sepandan, yo pa presize ki lè ekstradisyon an kapab fèt.

Lajitis nan peyi Espay bay dènye limyè vèt sa apre yon sispansyon yon pwosedi nan mwa Oktòb akòz defans Hugo Carvajal te depoze yon apèl.

Yo te rele l "El Pollo" yo te arete l on premye fwa nan mwa avril 2019 la . Men, lajistis la te refize ekstradisyon l ', yo te lage l', yo te ti ke motif dèyè demand Etazini an te plis politik ke jistis.

Apre yon apèl nan lajistis la, Odyans Nasyonal la finalman ranvèse desizyon ke li te pran an Novanm 2019, e li bay asepte pou ekstradisyon ansyen chèf entèlijans la.

Yo finalman mete la pat sou Hugo Carvajal 9 septanm ane sa nan vil Madrid apre yo te fè ane ap cherche li. Lapolis di li te konn mete fo moustach ak perik e li te sibi plizyè operasyon pou chanje aparans li.

Yon komisè Nouyòk akize "El Pollo" pou trafik dwòg an 2011 kòmkwa li te enplike nan enpòtasyon kokayin ki antre Ozetazini.

Nicolas Maduro te retire ansyen jeneral lame Venezyelyèn lan, paske li te rekonèt nan kòmansman ane 2019 advèsè a ak otoproklame prezidan Juan Guaido kom prezidan. Li te kouri pati kite Venezyela nan bato li pase pa Repiblik Dominikèn anvan li te rive nan Espay.

XS
SM
MD
LG