Accessibility links

Breaking News

Yon Eksplozyon Touye 60 Moun e Blese Plis Pase 100 Lòt nan Peyi Mozanbik


Yon tankè gaz eksploze nan distri Moatize nan sant Mozanbik 17 novanm, 2016.
Yon tankè gaz eksploze nan distri Moatize nan sant Mozanbik 17 novanm, 2016.

Gouvènman peyi Mozanbik la deklare 3 jounen dèy apre yon eksplozyon trajik ki touye 60 moun pou piti.

Yon tankè gaz eksploze nan distri Moatize nan sant Mozanbik apre chofè a te kite kamyon an arebò wout la. Plizyè douzèn moun tap chache pran gaz nan tankè a lè eksplozyon an fèt la, dapre deklarasyon gouvènman an.

Drapo pwal moute demi ma, koumanse demen samdi a pou rive 21 Novanm nan tout peyi a e nan misyon diplomatik e konsilè Mozanbik, dapre sa pòtpawol kabinè Mozanbik la Mouzhino Saide, di jounalis.

Radio nan Mozanbik rapòte ke 108 moun blese nan ensidan an.

Otorite yo kontinye ap mennen ankèt sou koz eksplozyon-an, men temwen nan zòn nan di yon repòtè sèvis pòtigè Lazwadlamerik yon polisye te tire kout zam pou dispèse moun ki te ansèkle kamyon an.

XS
SM
MD
LG