Accessibility links

Breaking News

Entènasyonal: Lame Ameriken Kontinye Ap Mennen Ankè sou yon Frap Aeyen nan Siri Ki Tiye Plizyè Moun


Frap aeryen yo ki vize militan gwoup Eta Islamik yo nan Irak ak Siri fè dega pafwa nan popilasyon sivil la.

Chif ki soti nan Kòmandman Santral Etazini an montre bilan total viktim sivil yo depi operasyon an te tanmen nan mwa daout 2014 la nan 119 mò ak 37 blese.

AP Foto ki montre dega atak aeryen nan Darat Izza yon vilaj nan Siri.
AP Foto ki montre dega atak aeryen nan Darat Izza yon vilaj nan Siri.

Dapre gwoup kap defann dwa moun ansanm ak obsèvatè yo, vrè chif la pi wo lontan. Amnisty enternational te rapòte nan mwa oktòb la frap aeryen koalisyon an ki gen Etazini nan tèt li a sanble te touye plis pase 300 moun nan Siri sèlman pandan 2 lane ki pase yo.

Chif ki nan Pentagòn nan montre fòs Etazini yo responsab pou apeprè 2 tyè nan tout frap aeryen koalisyon an.

Nouvo chif yè yo pa konte yon frap aeryen nan mwa Jiyè a nan vil Manbij nan nò Siri, kote rezidan ak gwoup kap defann dwa moun te fè konnen plis pase 50 sivil te pèdi lavi yo. Lame amerikèn kontinye ap ankete sou atak sa a.

XS
SM
MD
LG