Accessibility links

Breaking News

Enspektè LONU yo Pran Direksyon Santral Nikleyè Ikrèn nan


Direkte Jeneral Ajans Eneji Atomik Entenasyonal la (IAEA) Farael Mariano Grossi (a dwat) mache nan Kyev, Ikren, bone Mekredi 31 Out, 2022.

Enspektè Nasyonzini yo pran direksyon santral nikleyè Zaporizhzhia a nan peyi Ikrèn. Se yon misyon moun ap tann depi lontan ann moman mond lan espere yap kapab sekirize santral la ke Larisi kontwole, e ki sitye nan mitan yon zon lagè.

Sak rann misyon an pi danjre toujou se ke Kyèv ak Moskou yon lot fwa anko, yo youn ap akize lot la Mèkredi deske lap atake zon ozalantou pi gwo santral nikleyè Ewop la.

Nan jou ki pase yo, santral la te debranche ak rezo prensipal la an pati akoz dega dife te fè nan fil ki konekte ak emetè li.

Sa te soulve gwo kè sote dèske batay yo taka debouche sou yon kokenn chenn fwit radyasyon oubyen menm yon pann nan reyaktè a.

Risk yo tèlman sevè ke responsab yo komanse distribye konprime anti-radyasyon bay popilasyon ki abite nan zon nan .

XS
SM
MD
LG