Accessibility links

Breaking News

Gwo Batay ak Zam Lou Dewoule Madi nan Pati Sid Ikrèn


Local residents inspect cars destroyed by recent shelling in the course of Ukraine-Russia conflict in the Russian-controlled city of Enerhodar in Zaporizhzhia region, Ukraine, Aug. 30, 2022.
Local residents inspect cars destroyed by recent shelling in the course of Ukraine-Russia conflict in the Russian-controlled city of Enerhodar in Zaporizhzhia region, Ukraine, Aug. 30, 2022.

Nan Ikrèn, biwo prezidans la rapòte gwo lese-frape lou ap dewoule madi 30 out la nan rejyon Kersonn, nan pati sid peyi a. Se yon rejyon ki anba okipasyon Larisi e kote Ikrèn fè konnen li lanse yon kontrofansif pou l eseye repran kontwòl tèritwa a.

Nan yon mesaj Prezidan ikrenyen an, Volodymyr Zelanskyy, mete devan pèp la lendi 29 daout la, li fè sèman lame ikrenyèn nan pral repran zòn sa a nan men sòlda ris yo. Li ensiste pou l di:

“Militè ikrenyen yo gen pou pouse do sòlda ris yo, pou fè yo retounen pa lòt bò fwontyè a. Si manm lame ris la vle viv, lè a rive pou yo kouri retounen lakay yo. Ale fè wout nou.”

Depatman Defans La Grann Bretay la -ki t ap konsidere sitiyasyon an madi- fè konnen pa pi ta ke lendi byen bonè nan maten, “divès brigad militè ikrenyen ogmante kantite gwo kout mòtye y ap lanse sou zòn ki sitiye nan tout pati sid Ikrèn.”

Depatman Defans britanik la ajoute depi kòmansman mwa dout la, Larisi fè tout sa l kapab pou l ranfòse prezans li sou riv oksidantal Flèv Dnipro a ki nan zòn Kersonn nan.

Depatman ajoute:

“Pi fò inite militè ris ki ozalantou Khersonn yo manke efektif, yo manke gason ak fanm; pou yo opere, yo konte sou liyn apwovizyonnman ki frajil, ki vini pa bato e ki pase sou Flèv Dnipro a…”

Ministè defans ris la, bò kote pa l, te fè konnen lendi fòs militè ris yo bloke atak sòlda ikrenyen yo nan 2 rejyon, Khersonn ak Mykolaiv, e yo enflije gwo pèt sou solda ikrenyen yo.

Pandansetan, yon otorite ameriken wo-plase ki travay pou Pentagòn nan (donk, Depatman Defans la) te pale ak laprès lendi pou l di Lèzetazini pral gen plis enfòmasyon sou ofansiv Ikrèn lanse tou prè Khersonn nan nan 24 a 36 zè. Dapre menm ofisyèl la, manm fòs zame Ikrèn nan konpòte yo sou chandbatay yo yon fason prèske egal-ego avèk sòlda ris yo nan pati sid Ikrèn. Lè laprès mande otorite a:

“Eske sòlda ikrenyen yo pase a lofansiv?”

Li reponn:

“Wi. Mwen panse yo pase a lofansiv; se yo k ap atake lennmi pou le moman.”

XS
SM
MD
LG