Accessibility links

Breaking News

Ozetazini, Repibliken Ted Cruz ak Demokrat Bernie Sanders Ranpòte Primè Wisconsin nan

(De goch a dwat): Kandida repibliken a la prezidans, Senatè Ted Cruz, ak kandida demokrat a la prezidans, Senatè Bernie Sanders, pandan yo tap selebre viktwa yo nan primè Wisconsin nan, nan dat 5 avril 2016 la. Cruz te nan Milwaukee, Eta Wisconsin, tandiske Sanders te nan vil Laramie, nan Wyoming.

Ozetazini, madi 5 avril 2016 la, sete yon bon jou pou 2 kandida a la prezidans kap defye advèsè ki devan nan kous la pou 2 pati yo: nap pale de Ted Cruz (senatè Eta Tegzas la, pou pati repibliken an, ak Bernie Sanders, Senatè Eta Vermont la pou pati demokrat la. Sa k fè jounen an te bon pou yo, se paske se yo ki ranpòte eleksyon primè ki dewoule nan Eta Wisconsin pandan jounen an. Misye Cruz --kap defye milyadè Donald Trump pou nominasyon pati repibliken an-- te fè deklarasyon sa a nan fen sware a devan yon foul patizan:

Ted Cruz ki tap anbrase madanm li, Heidi, apre rezilta yo te montre se li ki ranpòte primè Eta Wisconsin nan. (Foto sa a fèt nan vil Milwaukee, nan Wisconsin, nan sware jounen madi 5 avril 2016 la).
Ted Cruz ki tap anbrase madanm li, Heidi, apre rezilta yo te montre se li ki ranpòte primè Eta Wisconsin nan. (Foto sa a fèt nan vil Milwaukee, nan Wisconsin, nan sware jounen madi 5 avril 2016 la).

"Kòm rezilta desizyon pèp Wisconsin nan pran pou l defye sa kap di nan laprès, pou l defye analis politik yo, mwen vin gen plis konviksyon nou pral genyen mil 237 delege nou bezwen pou n ranpòte nominasyon pati repibliken an."

Bò kote pa l, kandida demokrat Bernie Sanders --ki pase jounen an ap mennen kanpay nan Eta Wyoming ki pral òganize eleksyon pa l samdi kap vini la a-- li pale pou l di li genyen bon jan van nan vwal li kounyela a, menm si advèsè l la, Hillary CLinton, gen yon gwo avans sou li kanta pou kantite delege yo chak genyen. Misye Sanders deklare:

Kandida Bernie Sanders, (Senatè Endepandan), kap ankouraje patizan li yo pandan yon meeting nan vil Laramie, nan Eta Wyoming, nan jounen madi 5 avril 2016 la.
Kandida Bernie Sanders, (Senatè Endepandan), kap ankouraje patizan li yo pandan yon meeting nan vil Laramie, nan Eta Wyoming, nan jounen madi 5 avril 2016 la.

“Avèk viktwa nou ranpòte aswè a nan Wisconsin, nou ranpòte 7 sou 8 dènye kokis ak eleksyon primè ki dewoule yo. E pafwa se yon viktwa lavalas nou ranpòte.”

Apre Wyoming, kous pou Mezon Blanch la pral pran direksyon Eta New York kote yon eleksyon primè sere-sere pral dewoule nan dat 19 avril la. Aprè New York, 5 eta sou kòt-ès peyi a pral òganize primè yo nan dat 26 avril; se: Pennsilvani, Rhode Island, Maryland, Delaware ak Connecticut.

XS
SM
MD
LG